Deteksyon
bonè gendwa
sove lavi ou!

Deteksyon
bonè gendwa
sove lavi ou!

Paske li kapab idantifye kansè a nan premye estad li yo, lè li plis kapab trete. Onkolojis yo rekòmande depistaj woutin pou kansè pou anpil moun. Pran kontwòl sante ou epi pwograme yon depistaj jodi a menm.

Natirèlman anpil moun te retade pou yo fè depistaj pou kansè pandan pandemi COVID-19 la.

Li esansyèl ou rete ajou ak depistaj ki rekòmande yo pou ou pran devan pou kenbe sante ou. Depistaj kansè yo fèt nan kote ki gen sekirite epi ki pratik. Yo respekte machaswiv Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention, CDC) yo pou asire sekirite ou.

Fè premye pa enpòtan sa a epi planifye randevou ou pou depistaj.

Rele nimewo liy asistans san frè Time to Screen (Lè pou Depistaj) lan pou aprann kòman pou ou jwenn opsyon depistaj nan zòn ou an jodi a. Espesyalis yo kapab reponn kesyon an Kreyòl Ayisyen epi ede ou jwenn yon pwogram oswa yon anplasman pratik pou depistaj. Jwenn plis enfòmasyon.

Pèsonèl Time to Screen (Lè pou Depistaj) lan se pa pèsonèl medikal yo ye epi yo pa kapab bay konsèy medikal. Nou bay konsèy sou fason pou pran randevou yo epi jwenn opsyon depistaj kansè pratik nan kominote ou. Nou pa kapab fè referans dirèk ni pran randevou avèk doktè, etablisman medikal oswa sèvis byen presi. Enfòmasyon ki sou sit entènèt oswa nan materyèl Time to Screen (Lè pou Depistaj) yo pa fèt pou itilize pou ou fè dyagnostik ou menm ni yo pa la pou ranplase sèvis yon pwofesyonèl medikal.

Sekirite pandan COVID

COVID-19 vle di chak moun dwe pran prekosyon anplis pou yo rete ansekirite. Founisè swen yo ak pèsonèl nan etablisman depistaj kansè yo atravè peyi a swiv direktiv Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo pou pran dispozisyon anplis pou kenbe pasyan yo ansekirite. Lè w ap pran yon randevou, poze kesyon sou prekosyon pèsonèl la ak founisè yo ap pran epi mande eklèsisman sou sa ou pral gen pou ou fè anvan yon randevou pou ou kapab pwoteje.

Time to Screen (Lè pou Depistaj) se yon kolaborasyon ant òganizasyon ki pa pou pwofi CancerCare ak Community Oncology Alliance (COA) ki rekòmande pou remete depistaj kansè yo sou bon wout pou ankouraje moun yo pran kontwòl sante yo.